- Lyrics
- Album list
Alan Cave( Alan Cavé )
-
Tchelele
Babe, pa koute moun k'ap pale Cheri an n'ale tvhelele
M'di w tout sa pou m' te di w M'eksprime w sa m' santi Nan fon je w mwen li tout istwa w Si w gad na pa m' ou a we eta m' Cheri, fo n' deside n' met deyo tout verite Pase m' bouke, m'bouke fe seman Ape koute tout malpalan
Se ou m'vle, ou m'toujou vle, pa kite m'deraye Kenben m'la byen sere, pou jouk soley leve Se ou m'vle, ou m'toujou vle, an n'al tchelele Jodia cheri, mwen sanle gaye An n'al tchelele Pa koute sa mounyo ape rakonte An n'al tchelel
An n'ale An n'ale An n'ale
Doudou, an nou travese dlo Kite pwoblem yo deye do n' Pouki n'ap fe tolalito Kite lanmou sa a vole pi wo Cheri, m'bouke fe jwet lago Pouki rtezon n'an 2 moso Tanpri ban m' tet ou kom kado Fe mwen rele Ayibobo
Find more lyrics at ※ Mojim.com An n'ale, an n'al djaye An n'ale, an n'al sote, ponpe, danse An n'ale, kite m' mennen w'ale An n'ale, an n'al an nou rapouswiv Chimen santiman n'
pa koute yo, Fo w vag sou yo, pa koute yo, Menmsi w tande yo di
Menmsi jouda y'ap pale n' mal Pa koute moun k'ap pale Menmsi soley pedi konpa l' Cheri an n'al tchelele Menmsi lalin gen tet bika Pa koute moun k'ap pale An n'al tchelele jodia Cheri, an n'al tchelele
An n'al danse san rete An n'al chante net ale, An n'al love Pa koute moun k'ap pale
An n'al tchelelen an n'ale chache Kibo dlo sous renmen koule An n'al tchelele, an n'al gade Kouman soley aprann leve
-
|